
Conoce la verdad. Habla con la verdad. Comparte la verdad
Poukisa pou Pale Verite?
Darién se yon forè ki sou preske 446,000 kawo tè e ki pa gen mwayen kominikasyon, forè sa a vin tounen pasaj pou moun san papye ki soti nan sid Lamerik la ki pral Etazini. Se youn nan wout ki gen plis danje nan mond lan pa sèlman paske li se yon forè twopikal-ak gwo rivyè ak bèt sovaj-men paske se la gwoup kriminèl òganize yo opere, se sa ki ogmante risk pou vwayaje sou wout sa yo.
Aspè lojistik wout la, sa vle di, pa kibò w ap rantre, depans, jou pou pase nan forè a, elatriye, se moun ki te vwayaje nan forè a deja ki bay enfòmasyon sa yo, men pa pale sou risk yo fè fas ak yo a lè yo ap pran wout sa a. Se poutèt sa "Pale Verite" ap chache ankouraje Ayisyen pran desizyon ki chita sou bon enfòmasyon sou wout pou yo swiv, enfòmasyon sa yo soti nan vrè istwa moun ki te imigre atravè Darién yo konnen byen pwòp.
Pandan 4 lane ki sot pase la yo gen plis pase 46,500 imigran ki te travèse fwontyè peyi Kolonbi. Pifò ladan yo se Ayisyen yo ye, byenke gen lòt moun tou ki soti Kiba, Lazi ak Lafrik ki pase la tou. Pou kantite moun ki disparèt nan forè a pandan y ap fè tantativ pou yo rive nan nò, yo pa kapab konte yo.
Kijan mwen ka an règ epi san danje nan yon peyi tankou...
-
Chili ak Brezil
-
Peyi tankou Chili ak Brezil ofri popilasyon ayisyèn nan viza imanitè oswa reyinifikasyon fanmi pou yo ka rete legalman. Pi ba a ou pral jwenn bonjan enfòmasyon:
- Asire ou ke ou kòmanse pwosesis la nan sant ki la pou sa. Si ou vle ale Chili, men kibò ou dwe mande viza a nan Sant Aplikasyon pou viza Chili-CAVC. Pandan ke si ou vle ale Brezil, ou dwe fè aranjman pou yon randevou nan Sant Aplikasyoin pou viza Brezil-BVAC. Ou pa kapab ale sou randevou yon lòt moun, ni lòt moun nan pa kapab ale sou randevou pa ou a.
- Ou pa peye anyen pou pran yon randevou viza sou paj IOM!
- IOM pa gen demachè ni patnè ekstèn pou fè aranjman pou randevou.
- Pa gen okenn sèvis eksprès oswa randevou an ijans pou viza yo.
-
Bolivi
-
Lè ou gen yon viza Chili oswa Brezil, ou ka antre avè l Bolivi san pwoblèm. Evite viktim krim tankou vòl oswa trafik moun!
-
Perou
-
Pou sa ki gen pou wè ak migrasyon, gen anpil enfòmasyon kap sikile, men tout sa ou jwenn kòm enfòmasyon yo pa la verite. Isit la nou klarifye kèk kwayans migran kap tranzite atravè Amerik di Sid la:
- Se yon mit ke si ou vwayaje ak fanmi ou, yo pap rapatriye w. Reyalite a sè ke moun ki retounen nan dènye mwa yo se fanm, timoun ak adolesan ki gen tout laj.
- Se yon mit ke Perou akòde pèmi espesyal ak migran ki an transit yo. Reyalite a sè ke popilasyon ayisyèn nan bezwen yon viza pou antre nan peyi Perou.
- Se yon mit pou w kwè ke yon moun ka garanti w yon itinerè iregilye san danje. Tout pakou migratwa iregilye yo gen anpil danje nan yo.
- Detwonpe w! Se yon mit pou yo di ke nan Madre de Dios gen abri oswa lòt refij pou migran yo.
- Okontrè, genyen òganizasyon èd imanitè yo ki ka ba w bon jan enfòmasyon, oryantasyon ak atansyon.
Men kèk lòt enfòmasyon ki ka enterese w:
- Nan peyi Perou, aksè a swen sante an ijans se yon dwa.
- Nenpòt moun ki teste pozitif pou Covid–19 la, fanm ansent, timoun ki poko gen 5 lane, kapab jwenn aksè nan sistèm sante konplè Perouvyen an (SIS Tanporè), menm si yo nan yon sitiyasyon migratwa iregilye.
- Ou gen dwa denonse nenpòt vyolasyon dwa w (kèlkeswa estate migratwa w).
Yo ka ofri w tou pou prete w lajan pou demenajman oswa dokiman vwayaj yo.
Nou gen bon jan enfòmasyon pou ou!
Liy dirèk
Si w konnen oswa sispèk nenpòt nan ka sa yo, ou ka rele:
Liy sa yo gratis epi yo louvri 24 sou 24 chak jou.
Sonje! Kèlkeswa nasyonalite w oswa ki dokiman ou genyen, ou ka rele liy sa yo.
-
Panama
-
Panama gen yon kategori viza espesyal pou ayisyen ki an tranzit kapab antre regilyèman. Gen plis enfòmasyon isit la.
Peyi a ofri tou yon viza pou yon ti bout tan pou asistans imanitè entènasyonal. Kondisyon yo disponib isit la.
-
Meksik
-
Meksik ofri viza imanitè a:
- Viktim dezas natirèl.
- Viktim vyolans, kote lavi oswa entegrite fizik ou an danje.
- Moun ki antre pou asiste yon manm fanmi paske eta sante li grav.
- Pwosedi a gratis epi ou ka fè sa sou entènèt! Pou plis enfòmasyon klike isit la.