Kijan pou mwen fè yon lèt motivasyon?

Documento

Kijan pou mwen fè yon lèt motivasyon?

Lèt motivasyon an se yon dokiman adisyonèl ke ou voye anplis de CV w, ki gen pou objektif ranfòse kandidati w devan moun ki pral resevwa li a. Se pa nan tout òf travay yo egzije l, men si ou ta deside fè yon lèt motivasyon, w ap gen yon avantaj aklè sou lòt kandida ki pa fè lèt sa a. Se opòtinite pa w!

Si lèt la byen fèt epi li kapte atansyon patwon an oswa patwòn nan, li posib pou yo li CV a, epi planifye yon entèvyou avèk ou. Sa ki pi bon an, san ou pa soti nan pwotokòl sa a, ou ap kapab itilize yon vokabilè ak yon stil ki pi kreyatif epi pi agreyab pou kapte atansyon ekip Resous Zimèn nan.

Jan pou fè lèt motivasyon an kapab varye selon travay w ap aplike pou li a avèk sa ou ap bezwen di nan lèt la, sepandan li tap pibon si ou pa ekri plis pase 4 paragraf:

  • Nan premye paragraf la: prezante tèt ou, eksplike kijan ou te fè okouran de òf travay la epi di aklè ke ou ta renmen travay nan antrepriz la oswa nan òganizasyon an. (4–5 liy maksimòm)
  • Nan** dezyèm paragraf la**: se nan moman sa a pou dekri de oswa twa kalite, konpetans diplòm oswa eksperyans ki fè ke ou se pibon moun pou travay la. Paragraf sa a, se li ki santral, epi se li k ap fè moun ki responsab pwosesis seleksyon an di nan tèt li "mwen ta renmen konnen plis bagay sou kandida sa a ! (8 liy maksimòm)
  • Nan twazyèm paragraf la: wap fini lèt la pou di ke ou t ap vreman kontan pase yon entèvyou fas a fas nan lè kap bon pou moun ki responsab anplwaye moun nan, pou sa bay plis detay sou enfòmasyon ki nan CV w ou a, epitou kisa ou genyen ki ka nan avantaj konpayi an (3 a 4 liy).
  • Nan** katryèm paragraf la : Fòk ou voye salitasyon fòmèl epi ekri tout non ou konplè.**

Pa bliye:

  • Ekri fraz ki kout epi byen klè, pa mete fraz ki long.
  • Pa repete bagay ke ou fin di nan CV a. Chwazi 2 oswa 3 lide santral epi pale de yo nan yon fason ki kreyatif,
  • Itilize mo ke w ta itilize si ou ta nan yon entèvyou travay.
  • Men ki egzanp pou suiv pou fè lèt la : distans ant liy yo dwe 1.5, dimansyon mo yo nan lèt la dwe 12. Time New Roman, Calibri oswa Arial. Sonje itilize menm stil ki nan CV a!
  • Revizyon: li lèt la plizyè fwa anvan ou voye l ale oswa mande yon lòt moun gade li pou ou yon dènye fwa anvan ou voye l ale. Mete byen nan tèt ou ke nenpòt ki erè gramè oswa nan stil la ap demontre ke ou pa vreman enterese oswa ou manke motivasyon.
  • Ajoute anwo nan tèt lla enfòmasyon moun ki pral resevwa li a. Si ou pa konn non li, ou ka ekri "Ekip resous zimèn nan antrepriz X".

Resous ki itil

BONIS

Epitou sonje ke gen moun ki gen move lide nan tèt yo, kap ofri travay ki pa egziste vre pou yo sa tronpe w. Aprann idantifye manti sou paj entènèt nou an ki rele somoscolmena.info/pensalo2veces

 

Compartir en: